KOUSVIT
Pa gen kanpe nan wout! 🛣️

Kous vit,
rive vit.

Taxi sou demann an Ayiti — vit, an sekirite, tou pre w. Moto, machin prive ak machandiz, 24 sou 24.

Pa gen kanpe nan wout! 🛣️
MonCash Natcash Kach MonCash · Natcash · Kach
🚕 Kòmande yon kous
Suivi an dirèk — depi w kòmande jouk ou rive

Kijan l mache

  1. 1
    Estime kous ou a

    Vil, zòn ak referans — pri a parèt anvan w kòmande.

  2. 2
    Yon chofè verifye aksepte

    W ap suiv arive l an dirèk sou kat la.

  3. 3
    Peye jan w vle

    MonCash, Natcash oswa lajan kach lè w rive.

🛡️ Chofè verifye (KYC) 📍 Suivi GPS an dirèk ⭐ Evalye chak kous

Estime kous ou

Mete distans lan, wè l touswit.

🟢
🏘️

Apre w chwazi vil la, chwazi zòn lan oswa katye a anndan l — seksyon kominal ofisyèl yo ak katye yo parèt nan lis la. Li ede chofè a jwenn kote a; ou ka ekri l lib tou.

📌

Repè ki pre kote yo ranmase w la — opsyonèl: li ede chofè a jwenn ou pi fasil epi l swiv kous la.

🔴
🏘️

Apre w chwazi vil la, chwazi zòn lan oswa katye a anndan l — seksyon kominal ofisyèl yo ak katye yo parèt nan lis la. Li ede chofè a jwenn kote a; ou ka ekri l lib tou.

📌

Adrès Ayiti yo pa toujou egzak: bay yon repè ki pre destinasyon an — chofè a ap jwenn kote a pi fasil. Referans destinasyon sa a OBLIGATWA pou w kòmande.

📏
🚗
⏳ Tarif yo ap disponib byento — yo poko fikse.

Pri final kalkile selon distans GPS reyèl la.

Wè pri yo →

24/7
Sèvis san kanpe
10
Depatman kouvri
4
Tip kous
3
Nivo konfò

📅 Pran randevou w an liy

Chwazi dat la nan kalandriye a ak orè ki disponib la — pa telefòn, oswa an pèsòn nan sikisal ki pi pre w la. Konfimasyon pa imèl ak nan app ou.

Chwazi fason w vwayaje

4 sèvis pou tout bezwen w yo — pri klè, san sipriz.

Machin Prive Kousvit

🚗 Machin Prive

Konfòtab, klimatize, pou ou ak fanmi w.

Moto 2 rou Kousvit

🏍️ Moto 2 Rou

Rapid nan trafik la pou pote kliyan. Pri pi ba.

Moto 3 rou Kousvit

🛺 Moto 3 Rou

Pou pote machandiz ou rapidman, tout kote.

Machin Machandiz Kousvit

📦 Machin Machandiz

Gwo machandiz? Machin nan vin pran ou ak yo — oswa san yo.

Twa nivo, yon sèl kalite

Chwazi konfò w selon bidjè w.

X

Kousvit X

Sèvis estanda — rapid, fyab, pri pi ba. Pou chak jou.

Comfort

Comfort

Bèl moto, bèl machin, plis espas. Pou vwayaje alèz.

Nwa

Kousvit Nwa

VIP — machin liks, sèvis premye klas. Pou okazyon espesyal.

Nouvo sèvis

Kourie — Voye epi resevwa koli

Voye yon koli bay fanmi w, zanmi w oswa kliyan w nenpòt kote an Ayiti. Pri a fije avan w konfime, epi w swiv koli a etap pa etap ak kòd swivi w la.

  • Kòd swivi KV-KOL ak etikèt QR reyèl
  • Depo nan branch la oswa nan yon pwen relè patnè
  • Kòd livrezon an ale dirèk bay moun k ap resevwa a
  • Foto prèv voye bay moun ki voye a apre livrezon

Tape kòd swivi koli w la (KV-KOL) pou w wè kote l ye — san w pa bezwen konekte.

Kourie Kousvit — livrezon koli

🧮 Estime voye yon koli

Tarif Kourie yo poko fikse: estimasyon koli a ap disponib depi yo pibliye yo. Zewo pri afiche pou kounye a.

Apre w chwazi vil la, chwazi zòn lan oswa katye a anndan l — seksyon kominal ofisyèl yo ak katye yo parèt nan lis la. Li ede chofè a jwenn kote a; ou ka ekri l lib tou.

Repè ki pre kote yo ranmase koli a — opsyonèl: li ede chofè a jwenn ekspeditè a epi l swiv koli a nan fòmilè kreyasyon an.

Apre w chwazi vil la, chwazi zòn lan oswa katye a anndan l — seksyon kominal ofisyèl yo ak katye yo parèt nan lis la. Li ede chofè a jwenn kote a; ou ka ekri l lib tou.

Adrès Ayiti yo pa toujou egzak: bay yon repè ki pre destinasyon an — chofè a ap jwenn kote a pi fasil. Referans destinasyon sa a OBLIGATWA pou pase a anvwa a; li swiv koli a nan fòmilè kreyasyon an.

📦 Voye koli sa a →

Kat kouvèti nou an

Touche yon depatman pou w wè sikisal li yo.

Kousvit — livrezon koli an Ayiti
Yon livrè Kousvit k ap remèt yon koli bay yon machann — Ayiti.

📦 Voye yon koli an 3 etap

1

Prepare koli a

Prepare epi sele koli w la, apre kreye voye a nan app la oswa nan kontwa yon sikisal.

2

Depoze oswa fè yo ranmase l

Depoze l nan yon sikisal oswa yon pwen relè, oswa mande ranmasaj nan adrès ou.

3

Swiv epi livre ak kòd la

Swiv koli a ak kòd KV-KOL li a; moun k ap resevwa a bay kòd livrezon li lè y ap remèt li.

💡 Bon pou w konnen

Yon kòd ki pa janm ekspire

Kòd swivi KV-KOL ou a rete valab san limit: swiv koli w la nenpòt lè w vle, menm lontan apre w fin voye l.

Livrezon ak kòd, an men pwòp

Kòd livrezon an ale dirèk bay moun k ap resevwa a: se li k bay li lè y ap remèt li. Okenn lòt moun pa ka pran koli a.

Depo oswa ramassage, jan w vle

Depoze koli w la nan yon sikisal oswa yon pwen relè, oswa mande ramassage nan adrès ou.

📦 Sa w ka voye

Dokiman

Papye, dosye ak dokiman enpòtan, transpòte an sekirite.

Pakè

Rad, manje, elektwonik ak bagay toulejou, byen anbale.

Machandiz

Byen biznis ou a, de yon sikisal a yon lòt, ak menm swivi a.

🗺️ Zòn nou desèvi

Nou desèvi 10 depatman yo: depoze epi fè yo livre koli w yo tout kote an Ayiti, gras ak sikisal ak pwen relè yo — adrès, telefòn ak orè chak ladan yo sou paj sikisal yo.

Kousvit Eat — livrezon manje
Nouvo sèvis — byento disponib

Kousvit Eat — Manje w, livre vit

Kòmande manje nan restoran ak machann manje bò kote w. Menm chofè Kousvit verifye yo livre l cho lakay ou, ak swivi an dirèk epi yon kòd livrezon pou sekirite.

  • Meni restoran ak machann manje yo nan app la
  • Peman MonCash, Natcash, Wallet oswa espèces
  • Livrezon ak kòd — livrè a pa ka livre san kòd la
  • Swivi an dirèk depi kòmand la rive nan livrezon

Kousvit Eat ap finalize — sèvis la ap disponib byento nan app kliyan an.

🍔 Ou gen yon restoran?

Vin nan Kousvit Eat epi resevwa kòmand chofè verifye nou yo livre. Twa fason pou w enskri:

📱 Restoran yo gen pwòp app pa yo

Espas restoran an separe nèt: meni w, kòmand ou yo, orè ou ak pwofil restoran w — se pa app kliyan an. Kliyan yo kòmande nan app kliyan an; ou menm, ou jere restoran w nan espas restoran an (eat.kousvit.com, ki sèvi aktyèlman sou kousvit.com/eat/).

Yon sèl dosye enskripsyon, kèlkeswa pòt ou chwazi a — se sikisal la ki valide l. Sèvis la ap disponib byento (paramèt yo poko fikse).

Nouvo sèvis

Carte Kousvit — kat peman pa w

Kat vityèl ou a kreye gratis nan app la, epi l mare ak wallet Kousvit ou a. Peye kous, koli ak lòt sèvis Kousvit yo an sekirite ak PIN pèsonèl ou.

  • Kat vityèl gratis, aktive nan app la
  • PIN pèsonèl + notifikasyon sou chak itilizasyon
  • Bloke oswa debloke l nenpòt lè nan app la
  • Kat fizik disponib sou kòmand nan app la
Carte Kousvit

Moun Kousvit yo

Kliyan kontan, chofè fyè — an Ayiti, pou Ayisyen.

Kliyan Fi Kousvit

Kliyan Fi 😊

Kòmande an kèk segonn, swiv chofè w an dirèk, rive an sekirite.

Kliyan Gason Kousvit

Kliyan Gason 😊

Yon sèl klik, chofè w rive — rapid, pwòp, an sekirite.

Chofè Kousvit

Chofè nou yo 🚖

Pwofesyonèl verifye (KYC), fyè pou sèvi w 24/7.

Chofè Moto 2 rou Kousvit

Chofè Moto 2 rou 🏍️

Rapid nan trafik la — moto pwòp, chofè verifye.

Chofè Moto 3 rou Kousvit

Chofè Moto 3 rou 🛺

Pou machandiz ou yo — espas, fòs, sekirite.

Chofè Machandiz Kousvit

Chofè Machandiz 🚚

Gwo chay, livrezon serye — kamyon pwòp, chofè verifye.

Chwazi espas ou

Yon sèl kont pou chak wòl — tout sou menm sit lan.

Kliyan Kousvit

Espas Kliyan

Mande yon kous, swivi chofè w an dirèk, peye kach, MonCash oswa Natcash.

Antre→
Chofè Moto Kousvit

Chofè Moto

Resevwa demann kous moto, jere disponiblite w, swivi gen w yo.

Antre→
Chofè Machin Kousvit

Chofè Machin

Resevwa demann kous machin, jere disponiblite w, swivi gen w yo.

Antre→

Kijan l mache

Sis faz senp pou w rive kote w prale.

1
📝

Enskri

Non konplè, telefòn ak imèl. Senp epi rapid.

2
📍

Kòmande kous ou

Mete kote w ye ak kote w prale, chwazi tip kous la.

3
🚗

Chofè a ap vini

Wè chofè a sou kat la, foto l ak nimewo plak la.

4
🛣️

Nan kous la

Swivi an dirèk. Pataje wout ou ak fanmi w.

5
💰

Peye

MonCash, Natcash oswa kach — jan w vle.

6
⭐

Bay nòt

Evalye chofè w apre chak kous.

Bezwen yon kous? Vin kliyan Kousvit

Enskri gratis, verifye kont ou, epi kòmande premye kous ou an kèk minit — moto, machin prive oswa machandiz, 24 sou 24.

Kondwi ak Kousvit — fè lajan pa w

Ou gen moto oswa machin pa w (ane 2000 oswa pi resan)? Enskri kòm chofè, resevwa kòd enskripsyon inik ou, epi komanse touche.

Sekirite an premye

Nou pran sekirite w oserye, chak kous.

✅

Chofè verifye

Chak chofè pase verifikasyon idantite ak dokiman machin anvan l komanse.

🔗

Pataje kous ou

Voye lyen swivi a bay fanmi oswa zanmi w pandan kous la.

🎧

Sipò 7/7

Yon pwoblèm? Ekip sipò a disponib pou ede w rapid.

🚨

Ijans? Rele touswit

Si w santi w an danje pandan yon kous, rele:

Peye jan w vle

Twa fason pou regle kous ou.

MonCash

MonCash

Peman mobil rapid

Natcash

Natcash

Peman mobil rapid

Kach

Kach

Peye chofè a dirèk

Peye an liy, san w pa deplase 📲

Rechaje wallet ou oswa peye dèt ou ak MonCash/Natcash — epi chwazi sikisal ou vle a: se nan wallet an liy sikisal sa a lajan an ap konte.

👛

Kliyan

Rechaje wallet ou an liy ak MonCash/Natcash: chwazi yon sikisal, mete referans la — lè Kousvit valide l, kredi a antre nan wallet ou.

🚕

Chofè

Peye dèt ou an liy ak MonCash/Natcash, oswa dirèk ak solde wallet ou a: peman wallet la fèt touswit epi balans wallet ou a diminye menm kantite a.

…

Peye an kach kay patnè nou yo 🤝

Pa gen MonCash? Rechaje wallet ou oswa peye Kousvit an kach nan biznis patnè ki pi pre w la.

…

Patnè yo ranpli fòm lan AN LIY isit la, epi yo ka peye dèt yo an liy tou (MonCash/Natcash, san deplase) — Kousvit vin ranmase kach la kay yo tou.

…

Oswa pase nan nenpòt sikisal Kousvit — yo ap anrejistre w sou plas.

Kontakte nou

Yon kesyon? Yon sijesyon? Ekri nou.

✉️

Imèl

contact@kousvit.com
kousvit@gmail.com

💬

Sipò kliyan

Konekte pou jwenn èd dirèk nan espas ou.

Nou kouvri tout Ayiti

10 depatman, tout komin yo — klike sou yon depatman pou wè komin li yo.

Jwenn yon sikisal oswa yon pwen relè

Sikisal ak pwen relè aktif, ak adrès, telefòn, orè ak sèvis — done reyèl sistèm lan.

N ap chaje…

Kat zòn nou sèvi

Telechaje aplikasyon nou yo

Telechaje app Android yo dirèkteman sou telefòn ou — gratis, san store.

Kousvit

Kousvit — Client & Partenaire

Commandez vos courses, suivez votre chauffeur en direct et payez en toute sécurité — l'application des clients et des partenaires Kousvit.

⬇ Télécharger l'app Ouvrir sur le web

L'installation se fait depuis cette page même, selon votre appareil.

Kousvit Chofè

Kousvit Chofè

Recevez des courses, suivez vos gains et gérez votre activité — l'application des chauffeurs vérifiés Kousvit, bien séparée.

⬇ Télécharger l'app Ouvrir sur le web

Le bouton ouvre l'espace chauffeur — l'offre d'installation de l'application y apparaît automatiquement.

Kousvit

Kousvit — Patnè (app lokal)

Wè komisyon w yo, kliyan w refere yo, koli relè w resevwa yo epi rès lajan w — app patnè a separe ak app kliyan an.

⬇ Télécharger l'app Ouvrir sur le web

Telechaje APK patnè a, enstale l, epi aktive app la ak kòd pèsonèl ou sikisal ou a ba w la.

Kousvit Eat

Kousvit Eat — Restoran

Meni w, kòmand ou yo, orè w ak pwofil restoran w — espas restoran dedye a, se pa app kliyan an.

⬇ Télécharger l'app Ouvrir sur le web

Sèvis la ap disponib byento — paramèt yo poko fikse.

Kòd QR — telechaje aplikasyon Kousvit

📷 Eskane pou w pran app la

Vize kamera telefòn ou sou kòd QR la: li ouvri paj aplikasyon Kousvit yo.

💬 Resevwa lyen app la pa WhatsApp

💬 Oswa ekri nou sou WhatsApp

📱 iPhone: ouvri app.kousvit.com nan Safari epi « Ajoute sou ekran akèy ». 🤖 Android: si telefòn ou mande w, pèmèt « enstalasyon depi navigatè a » pou enstale APK a.

Pri nou yo

Pri a kalkile selon distans reyèl GPS la — plis w lwen, plis w peye. Pa gen frè kache.

🏍️ Moto 2 rou
⏳ Tarif yo ap disponib byento — yo poko fikse.
🛺 Moto 3 rou
⏳ Tarif yo ap disponib byento — yo poko fikse.
🚗 Machin prive
⏳ Tarif yo ap disponib byento — yo poko fikse.
🚙 Machin machandiz
⏳ Tarif yo ap disponib byento — yo poko fikse.

Kousvit pou Biznis

Ou gen yon biznis? Vin patnè Kousvit: resevwa depo ak peman kach nan kontwa w, sèvi kliyan nou yo nan zòn ou, epi grandi ak rezo a nan tout 10 depatman yo.

Dekouvri Kousvit pou biznis yo →

Kesyon yo poze souvan

Kijan pou m kòmande yon kous?

Kreye kont ou gratis, valide idantite w (KYC), antre destinasyon w, chwazi tip kous la epi konfime: yon chofè verifye ap vin chèche w.

Kijan m ka peye?

MonCash, Natcash oswa kach — ou chwazi metòd ou vle lè w ap kòmande.

Èske Kousvit disponib nan zòn mwen an?

Wi — nou kouvri tout 10 depatman Ayiti yo, 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Poukisa yo mande m dokiman (KYC)?

Pou sekirite w: yon idantite verifye pwoteje kont ou, chofè yo ak chak kous ou fè.

Kijan pou m vin chofè oswa patnè?

Klike sou « Vin chofè » oswa « Vin patnè », ranpli fòmilè a epi voye dokiman w yo (lisans kondwi obligatwa pou chofè). Ekip la ap valide w byen vit.

Kijan m swiv yon koli m voye ak Kourie?

Chak koli resevwa yon kòd swivi KV-KOL. Klike « Swiv yon koli », antre kòd la, epi w ap wè kote koli a ye etap pa etap — san w pa bezwen konekte.

Ki sa Carte Kousvit ye?

Se kat peman entèn Kousvit la: kat vityèl la kreye gratis nan app la epi l mare ak wallet ou. Ou peye sèvis Kousvit yo ak PIN ou, ou ka bloke oswa debloke l nenpòt lè, epi w resevwa yon notifikasyon sou chak itilizasyon. Yon kat fizik disponib sou kòmand nan app la tou.

Ki sa Kousvit Eat ye?

Kousvit Eat se nouvo sèvis livrezon manje Kousvit la: w kòmande nan restoran ak machann manje bò kote w depi app kliyan an, epi yon chofè Kousvit livre manje a lakay ou ak yon kòd livrezon. Sèvis la ap finalize — li ap disponib byento.

Pare pou w kòmanse avèk Kousvit?

Vin chofè oswa vin kliyan — chwazi wòl ou epi enskri gratis.