1. Done nou kolekte
Pou sèvis la mache, nou kolekte:
- Idantite: non konplè, telefòn, imèl
- Lokalizasyon GPS pandan kous yo (pou kalkile pri ak swivi)
- Dokiman KYC: pyès idantite, selfie (kliyan); + lisans kondwi (chofè)
- Istorik kous, peman ak evalyasyon
2. Kijan nou itilize done yo
Done yo sèvi pou: konekte w ak chofè, kalkile pri, trete peman, verifye idantite (KYC), amelyore sekirite, epi voye notifikasyon (OTP, konfimasyon kous). Nou pa vann done w bay okenn twazyèm pati.
3. Pataj done
Nou pataje sèlman sa nesesè pou kous la: chofè a wè non w, foto w ak pwen depa/rive; ou wè non chofè a, foto l ak plak machin nan. Founisè peman (MonCash, Natcash) resevwa sèlman done peman an.
4. Sekirite done
Modpas yo kode (hash). Koneksyon yo chiffre (HTTPS). Aksè admin limite pa wòl, ak tras konplè sou chak aksè.
5. Dwa w yo
Ou ka mande pou wè, korije oswa efase done pèsonèl ou yo nenpòt lè, lè w ekri contact@kousvit.com. Efase kont lan efase done pèsonèl yo, sof sa lalwa mande nou kenbe.
6. Kontak
Kesyon sou vi prive: contact@kousvit.com